Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Pwotestasyon Kont Asasina Ansyen Prezidan Burhanudin Rabbani


Plizyè santèn sitwayen nan Afganistan rasanble mèkredi 21 septanm 2011 la pou yo pwoteste kont asasina ansyen prezidan Burhanudin Rabbani, lakay li nan vil Kaboul madi
Plizyè santèn sitwayen nan Afganistan rasanble mèkredi 21 septanm 2011 la pou yo pwoteste kont asasina ansyen prezidan Burhanudin Rabbani, lakay li nan vil Kaboul madi

Plizyè santèn sitwayen nan Afganistan rasanble mèkredi 21 septanm 2011 la pou yo pwoteste kont asasina ansyen prezidan Burhanudin Rabbani, lakay li nan vil Kaboul madi. Misye Rabbabi t ap travay kòm yon negosyatè lapè ant gouvènman aktyèl prezidan afgan an, Hamid Karzai, ak Mouvman Taliban an.

Daprè lapolis, misye Rabbani –ki te prezidan ant 1992 e 1996- viktim yon atakan suisid taliban ki te fè yon eksplozif ki te mare nan tèt li sote pandan li t ap rankontre ak ansyen prezidan an. Omwen 4 lòt moun pèdi lavi yo tou nan eksplozyon an, tandiske youn nan prensipal konseye prezidan Karzai, Massoom Stanezai, blese.

Mèkredi plizyè santèn moun ki te genyen nan men yo foto Misye Rabbani ak divès banyè, reyini nan lari ki pase tou pre kay victim an pou yo pwoteste kont asasina a.

Youn nan manifestan yo di:

“Nou vini la a pou n kondane ennmi lapè ak establite yo, ennmi peyi nou an ak gouvènman nou an. Nou kondane asasina lidè mouvman liberasyon nou an, lidè mouvman rezistans nou an."

XS
SM
MD
LG