Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Lame Ameriken Touye Kèk Militan nan yon Operasyon Revanch


Afganistan: Lame Ameriken Touye Kèk Militan nan yon Operasyon Revanch
Afganistan: Lame Ameriken Touye Kèk Militan nan yon Operasyon Revanch

Kòmandan fòs militè Lèzetazini nan Afganistan an, jeneral John Allen, fè konnen yon atak ayeryen touye militan ki te lakoz yon elikoptè ameriken kraze semèn pase a .

Atak sa te lakoz 38 moun pèdi lavi yo (ameriken ak afgan). Vrèmanvre, militan yo te desann elikoptè a samdi 6 out 2011 la nan pwovens Wardak, ki nan pati santral Afganistan.

Pami 33 sòlda ameriken ki te mouri yo, te genyen kèk manm yon kò militè delit Lèzetazini ki la pou mennen operasyon espesyal. Pami viktim yo te genyen tou 7 sòlda ak yon enteprèt afgan.

Se pi move pèt kretyen-vivan Lèzetazini sibi nan Lagè Afganistan an ki la depi 10 zan.

XS
SM
MD
LG