Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Yon Atak ak yon Oto Pyeje Touye 35 Moun pou Pi Piti


Yon travayè minisipal kap netwaye sèn la kote yon atak swisid nan Kaboul, Afganistan, lakoz 35 moun pou pi piti pèdi lavi yo, 24 jiyè 2017.
Yon travayè minisipal kap netwaye sèn la kote yon atak swisid nan Kaboul, Afganistan, lakoz 35 moun pou pi piti pèdi lavi yo, 24 jiyè 2017.

Yon atak kamikaz ak oto pyeje ke gwoup Taliban yo lanse touye 35 moun pou pi piti e blese plizyè douzèn lòt nan kapital Afganistan an, Kaboul.

Yon pòtpawol Ministè Enteryè a, Najib Danish, konfime kantite viktim yo e eksplike ke yon oto pyeje te antre sou yon mini bis ki te chaje ak anplwaye sivil gouvènman an nan yon zòn nan pati lwès vil la.

Nan mwa me pase a, yon gwoup militan ame jis nan dan pami yo plizye kamikaz te anvayi yon enstalasyon radio-tele-difizyon nan lès Afghanistan, kote yo te touye omwen 2 moun e yo blese 20 lot pou pi piti dapre otorite yo.

XS
SM
MD
LG