Accessibility links

Breaking News

Prezidan Afganistan an, Ashraf Ghani, Ranpòte yon 2èm Manda 5 Kan


Manm Komisyon Elektoral Endepandan (KEE) Afganistan an. Prezidan komisyon an, Madam Hawa Alam Nouristani, chita adwat.
Manm Komisyon Elektoral Endepandan (KEE) Afganistan an. Prezidan komisyon an, Madam Hawa Alam Nouristani, chita adwat.

Nan Afganistan, Prezidan sòtan peyi a, Ashraf Ghani, ranpòte, daprè tout aparans, yon 2èm manda 5 kan dapre rezilta preliminè ki sòti dimanch 22 desanm 2019 la pou eleksyon prezidansyèl 28 septanm pase a ki pwovoke gwo pawòl-anpil.

Prezidan Komisyon Elektoral Endepandan an, Madam Hawa Alam Nouristani, pibliye rezilta yo ke moun t ap tann depi byen lontan nan yon konferans pou laprès li bay nan Kaboul, kote li deklare Misye Ghani ranpòte 51% sou yon total yon milyon 800 mil vwa.

Madam Nouristani ajoute prensipal advèsè Prezidan Ashraf Ghani an, Chèf Egzekitif afgan an, Abdalah Abdalah, ranpòte 39,52% bilten yo. Madam Nouristani fini pa di lòt kandida yo pataje rès vòt yo.

XS
SM
MD
LG