Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Dekouvèt Kadav 8 Pèsonèl Sekirite Enkoni


Yon responsab afgan anonse yo jwenn nan pwovens Wardak kadav 8 pèsonèl sekirite enkoni te kidnape. Wardak se rejyon kote yon elikoptè ameriken te kraze e koze lanmò 38 sòlda semèn pase a e pifò nan yo, ameriken.

Pòtpawòl pwovensyal Shahidullah Shadid di yo te dekouvri kadav yo vandredi byen ta nan aswè. Viktim yo --5 ajan polis ak 3 manm sèvis ransèyman afgan an--- te tonbe anba men kidnapè jedi pandan yo t ap vwayaje sou prensipal wout ki mennen nan pwovens Bamiyan an.

Shahid presize lapolis arete moun li sispèk kòm militan nan kad ensidan an. Ajans nouvèl Reuters rapòte yon pòtpawòl Taliban revandike responsabilite asasinay la.

Wardak se youn nan pwovens pi malouk ki genyen nan Afganistan, kote toujou genyen afwontman ant konbatan taliban ak twoup entènasyonal yo.

Se la, semèn pase a, yon elikoptè Chinook ameriken te kraze nan youn nan ensidan ki pran lavi plis ameriken depi Lèzetazini tanmen lagè a nan Afganistan, sa genyen 10 zan.

XS
SM
MD
LG