Accessibility links

Breaking News

4 Ameriken Pami Moun ki Pèdi Lavi yo nan Otèl Kontinantal la nan Afganistan


 OtèlEntèkontinantal la Afganistan.
OtèlEntèkontinantal la Afganistan.

Depatman deta ameriken konfime gen 4 ameriken ki te pami moun ki mouri nan yon atak ki te fèt sou otel Entèkontinantal nan kapital Afganistan an, Kabul nan wikenn pase a.

2 lot sitwayen ameriken blese. Etazini pat konfime tou suit idantite viktim yo. Sepandan, Glen Selig yon Pòtpawòl Rick Gates ansyen responsab Kanpay Donald Trump la ki akize nan enkèt sou Larisi a te pami 22 moun ki mouri nan atak samdi swa pou rive dimanch.

Selig te nan Kaboul nan kad yon vwayaj ki gen rapò a relasyon piblik konpayi li a nan eta Florid. Gouvenman Afgan an akize Alye Taliban yo, rezo teroris Haqqani kòm gwoup ki te manniganse atak la.

XS
SM
MD
LG