Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden Ap Chache Anplwaye Pou Travay Nan Sant Detansyon Imigrasyon Guantanamo


Foto Achiv: Yon solda ameriken femen barye Kan X-Ray ki se yon sant detansyon ki sitye sou baz fos naval Ameriken an genyen nan Guantanamo, Cuba.
Foto Achiv: Yon solda ameriken femen barye Kan X-Ray ki se yon sant detansyon ki sitye sou baz fos naval Ameriken an genyen nan Guantanamo, Cuba.

La Vwadlamerik aprann ke administrasyon Biden nan ap chache anplwaye ak gad sekirite ki ta responsab pou "byenet ak sekirite ak swen migran pwoteje ak non-pwoteje yo".


Dapre enfomasyon ansyen korespondan Lavwadlamerik nan Mezon Blanch la, Steve Herman jwenn, omwens 10% anplwaye sa yo dwe pale kouraman panyol ak kreyol.

Of travay la di anplwaye yo ta responsab pou asire ekipman enstalasyon an ap byen fonksyone pou monte kay pwovizwa pou plis pase 120 moun e petet otan ke 400 migran.


Oganizasyon mondyal kap defann dwa moun Human Rights Watch kritike of travay la san pedi tan.

"Voye moun kap chache pwoteksyon nan yon lye ki notwa pou fason li maltrete moun, yon kote pesonn pa gen dwa, se denye bagay administasyon Biden nan ta dwe fe," direkstris HRW pou pwoteksyon refije yo, Eleanor Acer deklare.

"Sa se yon tantativ kare bare pou evite responsabilite, respe pou lwa yo, pwoteksyon dwa moun ak lwa sou refije ki egziste Ozetazuni, Madan Acer ajoute.

Foto Achiv: Yon drapo Ameriken vole sou tou kontwol Kan VI, yon sant detansyon ki sitye nan baz fos naval Etazuni genyen nan Guantanamo, Cuba.
Foto Achiv: Yon drapo Ameriken vole sou tou kontwol Kan VI, yon sant detansyon ki sitye nan baz fos naval Etazuni genyen nan Guantanamo, Cuba.


Nap raple ke anba administrasyon Prezidan George HW Bush la epitou Bill Clinton, Etazuni te kenbe boat people Ayisyen yo te ranmase sou lanme nan Guantanamo. Politik sa a, ki te komanse nan debi ane 90 yo, te soulve anpil kritik toupatou nan mond lan akoz move tretman Ayisyen yo te di yo te sibi.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG