Accessibility links

Breaking News

Adidas Koupe Lyen ak Kanye West Poutèt Komantè li Fè Kont Ras Jwif la


Foto Achiv rape Kanye West "Ye" pandan yon match basketbol nan Los Angeles, 11 Mas, 2022.
Foto Achiv rape Kanye West "Ye" pandan yon match basketbol nan Los Angeles, 11 Mas, 2022.

Adidas sispan patenarya li ak rapè Kanye West, ki vle pou moun rele li "Ye" kounyea poutè komantè li fè kont ras jwif la.

Konpayi Alman an deklare Madi li "Pa tolere anti-semitism ni okenn lòt pawòl rayisman". Adidas di komantè ak aksyon Ye yo "pa akseptab, danjre e rayisab."

Devlopman sa a fini apre Adidas te fè fas ak anpil presyon pou koupe lyen ak Ye. Gen plizyè selebrite ak fanatik ki te pibliye mesaj sou rezo sosyal yo pou mande konpayi a fè yon jan.

Adidas te anonse nan komansman mwad Oktòb la lap reflechi sou antant li genyen ak rapè a pou yon soulye tenis ki vo yon pakèt lajan.

Adidas se dènye nan yon seri konpayi ki koupe lyen ak Ye. Twitter ak Instagram sispan kont rapè a tou, pou menm rezon an.

XS
SM
MD
LG