Accessibility links

Breaking News

Adele Vannen Prèske Tout Konpetisyon an


Kouveti nouvo albom Adele la "30"
Kouveti nouvo albom Adele la "30"

Adele ranmase 10.33 milyon spektatè Dimanch kote li parèt nan yon pwogram televizyon spesyal sou chèn televizyon CBS kote moun te ka tande kèk nan nouvo chante li yo. Chif sa a se yon ti kras mwens pase 10.4 milyon moun ki te suiv seremoni remiz pri Oscar yo nan sezon ete a.

Si nou konsidere ke gen moun ki va gade pwogram nan apre premye tele-difizyon an, Adele gen anpil chans pou'l depase chif sa a.

Taylor Swift te fè piblisite pou nouvo chante pa li yo tou Samdi swa, kote 5.8 milyon telespektatè te suiv pèfomans li de "All Too Well" sou pwogram "Saturday Night Live" la e gen yon lòt 2.5 milyon ki gade videyo pèfomans li a sou YouTube.

Yon match zepòl kare ekip Green Bay Packers, ak pwogram "60 Minutes" te bay CBS anpil rezon pou'l selebre Dimanch epitou sa ede chif total telespektatè ki gade pwogram ni yo pandan semèn nan.

XS
SM
MD
LG