Pòtoprens, Ayiti: 4 pati ki nan gwoup Platfòm Altènativ la pibliye vandredi 14 me a yon kominike, kote li mande prezidan René Préval kite pouvwa a. Se pa premye fwa manm gwoupman politik la reklame demisyon misye Préval. Madi pase, li lanse yon modòd manifestasyon pou lendi 17 me a, nan kad mobilizasyon kont lidè ayisyen an yo di ki vle enstale yon rejim gwo ponyèt ann Ayiti. Men klas politik la nan peyi Dayiti divize sou kesyon demisyon prezidan an. Yon gwoup ki rele Fowòm ansyen premye minis yo, ki genyen anpil gwo pèsonalite ki te okipe pòs chèf gouvènman peyi a, pa dakò ak demach sa a yo kwè ki kapab plonje Ayiti nan yon kriz politik. E genyen vwa depaman nan lòt sektè sosyete a, tankou nan Sosyete Sivil la ak sektè prive a.
Korespondan nou Rotchild François jr. te asiste yon konferans yo bay nan vil Pòtoprens, kote yon pòtpawòl, Evans Paul (Lidè KID-Konfederasyon Inite Demokratik) eksplike pouki yo egzije pou msye Préval bay demisyon li.
NB: Pou nouvèl sa ak anpil lòt ankò fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat paj wèb la.