Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Pati Opozisyon Konvoke Yon Nouvo Manifestasyon Pou Lendi


Plizyè branch nan opozisyon ayisyen an pote-kole pou reklame demisyon prezidan René Préval e yo lanse apèl pou pèp souvren an leve kanpe kont lidè ayisyen an. Konvokasyon sa a antre nan kad mouvman pwotestasyon kont lwa eta dijans remanye a ak modifikasyon lwa elektoral jiyè 2008 la 2 chanm Asanble Nasyonal la vote semèn ki sòt pase yo. Youn nan 2 lwa yo bay prezidan Préval otorite pandan 18 mwa pou l' adopte tout mezi li jije nesesè nan kad plan rekonstriksyon Ayiti a san li pa bezwen chèche apwobasyon depite ak senatè yo, e lòt la lonje manda li kap bout, kounye a, nan mwa me ane pwochèn olye 7 fevirye 2011.

Korespondan Rotchild François jr. kouvri pwen sa a pou nou sou ralonj ki anwo, adwat paj wèb la. Sou menm lyen an tou nou kapab koute ansyen premye minis Jean-Marie Chérestal, manm Fowòm ansyen premye minis ayisyen yo--yon gwoup ki fòme sa pa gen lontan pou reflechi sou sitiasyon Ayiti--ki di Fowòm nan sòt pase "en revue" sitiasyon an apre tranblemann'tè 12 janvye a p adopsyon 2 dènye lejislasyon reprezantan pèp la vote nan jou pase yo e ki kreye pale-anpil tan nan repiblik karibeyen an ke nan dyaspora ayisyen an aletranje.

Chérestal fè konnen Gwoup la anfavè dewoulman eleksyon ane sa a ann Ayiti, men fòk responsab yo mete sou pye yon nouvo Konsèy Elektoral, paske CEP ki la kounye a manke kredibilite ni li pa gen konfyans òm politik yo.

Sou yon plan pi ekonomik ke politik Prezidan Komisyon swivi Lwa Hope 2 a, òmdafè George Sassine, ki fenk sòt vizite 3 zòn devlopman nan Depatman Nò peyi a avèk Sheryl Mills, chèf kabinè Sekretè Deta ameriken Hillary Clinton, deklare anpil envestisè etranje kòmanse montre enterè pou y’al envesti ann Ayiti apre 2 chanm kongrè ameriken an finn ratifye lwa HELP la (yon ralonj lwa HOPE-2 a) pou ede relanse ekonomi peyi Dayiti. Madam Mills te vizite vil Cap-Haïtien, kote li souliyen volonte administrasyon Obama a pou kontinye travay ak Ayiti pou ede rebati nasyon karayib la.

Ale sou ralonj lan pou plis presizyon sou nouvèl sa yoak kèk lòt ankò.

jbjacque@voanews.com


XS
SM
MD
LG