Accessibility links

Breaking News

L'ONU: Ayiti Bezwen Asistans Finansye Prese-Prese


Asistan Sekretè-Jeneral l'ONU an deklare jedi "tablo finansye Ayiti pa bèl ditou e peyi a bezwen yon fason ijan fon yo te pwomèt apre tranblemann'tè a pou l' ka itilize tousuit. Asha-Rose Migiro fèk sòt fè yon vwayaj 2 jou nan peyi karayib la, 3 mwa apre trajedi 12 janvye a.

<!-- IMAGE -->

Nan yon reyinyon tout pòt fèmen ak peyi manm l'ONU yo, asistan chèf Nasyonzini an fè konnen kès gouvènman an “blanch”. Li lanse apèl pou mande nasyon ki te pwomèt plis pase $5 milya pou rekonstriksyon Ayiti nan konferans bayè de fon yo, mwa pase a konvèti pwomès yo tousuit an lajan likid. Madam Migiro deklare fòk gen lajan pou antreprann travay ki pi enpòtan yo pou ede peyi a rekanpe sou pye l', pandan l'ap pare pou travay à long-terme nan, anpalan rebati peyi a.

Sekretè Jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon, te depeche Asha Migiro nan peyi Dayiti semèn sa a pou'l tcheke pwogrè ki fèt nan efò ki sou pye pou satisfè bezwen ijan peyi a nan domèn manje, ijyèn, kay ak kondisyon nan kan ki loje plis pase yon milyon sanzabri apre nouvèl gason k'ap vyole fi nan site-tant yo.

Nan yon konferans pou laprès, Migiro fè konnen lòd nan lari a se yon defi pou gouvènman ayisyen an ki pèdi anpil polisye nan soukous 12 janvye a. Li ajoute dwe genyen plis sekirite nan kan yo pou fanm yo pou anpeche vyolans fèt sou yo.

“Yo bezwen pi bon sipò ak pwoteksyon pi djanm, espesyalman kont vyolans seksyèl ak lòt fòm abi” kap fèt sou yo, selon madan Migiro.

Migiro fè konnen te gen vyolans seksyèl ann Ayiti anvan 12 janvye, men yo vin pi grav kounye a, paske gen tèlman moun k'ap viv len sou lòt e yo pa gen anpil vi prive. Madam Migiro site tou pwoblèm plizyè santèn kriminèl vyolan ki sove kite penitansye nasyonal la pandan soukous la... e anpil nan yo lage nan lari a kounye a.

Migiro ajoute polis Nasyonzini ak polis ayisyen ap travay ansanm pou fè patwouy nan anpil zòn danjere. Men li fè konnen kèk nan moun ki rete nan zòn sa yo ap chache mete sou pye pwòp sistèm sekirite yo.

“Nan kan yo tou, preske tout medam yo ap òganize yo. Kèk nan yo ap fè yon fòm patwouy," li eksplike. E gen jenn gason tou k'ap pwoteje fanmi yo. Konsa, y'ap òganize yo e y'ap fè kou yo konnen pou bay premye swen nan kan yo.”

Madam Migiro fè konnen, pami pwojè long-terme yo, gouvènman ayisyen an gen plan pou l' antrene polisye yo pou yo ka fè fas ak krim sèksyèl e palman an ap chache ranfòse lwa sou vyolans seksyèl yo.

Nan domen imanitè, Migiro ajoute Nasyon Zini ak ajans ki patnè li yo ap travay pou satisfè kokenn bezwen manje, ijyèn ak lojman ki ka pwoteje moun yo pandan sezon lapli a. Malgre sitiasyon an pa bèl (deklarasyon madam Migiro) Ayisyen yo ap degaje yo pou yo rebati lavi yo ak pwòp men yo e ke l'ap pati kite peyi Dayiti ak konfyans moun yo ap ka reprann yo.

XS
SM
MD
LG