Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Bill Clinton Ap Patwone Konferans 'Global Initiative University' a nan Miami


<!-- IMAGE -->

Ansyen chèf deta ameriken Bill Clinton pral louvri konferans Inisyativ Inivèsite Global la nan inivèsite Miami a, vandredi 16 avril la. Se twazyèm konferans konsa l'ap patwone atravè òganizasyon li an ki vle travay avèk elèv inivèsite ameriken kou etranje pou jwenn solisyon ki kapab chanje lavi moun sou planèt nou an.

Apeprè 1.500 moun pral patisipe nan konferans la. Youn nan egzijans òganizasyon Clinton nan fè anvan li pèmèt yon etidyan asiste rankont anyèl la, se prepare yon plan "Angajman Pou Aksyon" ki vle di: yon plan ki detaye egzakteman ki mezi li ta pran pou rezoud yon defi mondyal kèlkonk ki prezante.

Pandan 3 zan egzistans li, inisyativ sa a pwodui plis pase 3.000 angajman ki deja amelyore kondisyon lavi plizyè santèn milye moun atravè lemonn. Prezidan Clinton deklare "konferans Miami a pral montre lemonn ki jan jèn nan inivèsite yo ka fè yon diferans nan lavi moun k'ap viv nan pwòp kominote yo ak nan lòt kominote toupatou nan lemonn". Misye Clinton kontinye pou l' di mesaj sa a "se yon mesaj ki enpòtan anpil apre tranblemann'tè ki devaste Ayiti nan mwa janvye 2010 la".

Ansyen prezidan an deklare : "mwen fyè paske anpil nan angajman k'ap pran ane sa a pral ede Ayiti rebati e amelyore sitiasyon pèp la".

Samdi, ansyen dirijan ameriken an ap òganize yon sesyon espesyal sou Ayiti. Èks-chèf (ex-chef) Mezon Blanch lan a pral' akeyi nan kad yon dejene prive tout prezidan inivèsite ki prezan yo--pami yo, 6 prezidan inivèsite ayisyen.

Sou lis envite yo, nou jwenn: Denis Regis, Centre D'études Diplomatiques et Internationales; Jean Marie B. Monrose, Centre Pilote de Formation Professionelle; Jean Vernet Henri, Université d'État d'Haïti; Gérard Dorcély, Université de Port-au-Prince; Pierre André Pierre, Université Notre-Dame D'Haïti ak Jacky Lumarque, Université Quisqueya.

Pandan dejene prive sa a, yo va diskite sou mwayen yo ta kapab anplwaye pou mobilize kominote kote y'ap viv yo pou ede Ayiti. Yo va resevwa tou yon dokiman 2 paj ki prezante kèk lide sou kijan yo ka fè travay sa a.

Konferans Inisyativ Inivèsite Global a pral dire 3 jou. Elèv inivèsite ki pa ka vwayaje Miami pou konferans la kapab swiv li sou rezo entènèt la e y'ap gen posiblite anonse angajman yo vle pran pou ede leve defi mondyal yo atravè sit wèb sa a: www.cgiu.org.

XS
SM
MD
LG