Accessibility links

Breaking News

O.I.T: Timoun Ayisyen Yo Ka Viktim Abi Travay


Òganizasyon Entènasyonal Travay (OET ou OIT, an franse) di akòz plizyè dizèn milye djò ki pèdi nan tranblemann'tè 12 janvye a timoun yo ap fè fas ak plis risk pou yo aksepte, malgre yo, move travay fyèl-pete kote zòt ka abize e eksplwate yo. OIT, di tranblemann'tè a gen konsekans efrayik sou mache travay ayisyen an.

Prezidan Komite kriz OIT a, Alfredo Lazarte, fenk sòt fè yon vire-won nan peyi Dayiti. Li fè konnen 250 mil kay kraze e apeprè menm kantite a sibi dega nan katastwòf la. Li di yon senkyèm (1/5) nan kay yo te genyen yon ti aktivite komèsyal ladan yo. "Sa vle di, nap site Lazarte, yon demi milyon kay sibi gwo dega...100 mil djòb ki detwi nèt ou sibi gwo dega".

Pou sa ki konsène etablisman travay endepandan yo, genyen anviwon 30.000 ki pa tap fonksyonen anndan yon bilding ki pran gwo pataswèl oubyen disparèt. Genyen 200 gwo faktori kap fonksyonen ann Ayiti, prensipalman, nan endistri tekstil la. Dapre Lazarte yon tyè (1/3) nan faktori sa yo kraze e yon lòt tyè bezwen envestisman pou yo kontinye fonksyonen. Selon sa Lazarte di "kounye a, se sèlman 40 pousan (40%) nan antrepriz sa yo kap fonksyonen.

OIT estime Ayiti pèdi omwen 90 mil djòb bab tranblemann'tè a. E depi ou di pèdi djòb ou di pèdi salè... yon sitiasyon ki, selon Lazarte, pral genyen gwo konsekans sou kondisyon sosyo-ekonomik Ayiti e kap rann li difisil pou remete sou pye antrepriz ki disparèt yo.

Prezidan Komite kriz OIT la deklare disparisyon sanzatann plizyè dizèn milye travay fè plizyè santèn milye timoun ap kouri risk pou zòt eksplwate yo. Li fè konnen òganizasyon li a ak ajans Nasyonzini e lòt ajans prive ap travay nan peyi Dayiti pou pwoteje timoun yo. Men li lanse avètisman pou di "timoun yo rete frajil " (nan sitiasyon sa a).

Alfredo Lazarte di "nap travay sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan paske nou deja verifye genyen diferan timoun kap travèse fwontyè a poukont yo oubyen ki gen granmoun avèk yo san nou pa kapab verifye ke yo se fanmi". Li ajoute, pwoblèm nan sè ke timoun sa yo eseye mete kò yo "anba pay" e yo tonbe nan djòb ki pa apwopriye pou yo. Ya'p travay nan sektè konstriksyon, nan travay tè... e malerezman tou, yo tonbe nan rezo pwostitisyon ki makonnen ak sektè touris la nan Repiblik Dominikèn.

Lazarte di nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, timoun yo ap fè fas ak yon pwoblèm pi grav toujou akòz popilasyon an ki epapiye pasi-pala. 800 mil moun abandonnen vil la. 160 mil pami yo jete yo nan Repiblik Dominikèn.

Prezidan Komite kriz OIT a di anpil timoun wè fanmi yo abandone yo oubyen pèdi manman ak papa yo nan tranblamann'tè a. Tizanfan sa yo wè yo oblije ap jwe wòl manman ak papa (chef de famille) lè yo pèdi paran oubyen fanmi ki tap ede yo a.

Alfredo Lazarte di sitiasyon sa a pouse yo antre sou mache travay la, kote ya'p fè fas ak tout kalte risk, tankou pwoblèm sante ak ijyèn. Yo oblije travay pandan plizyè èd'tan pou yon tikras lajan nan kondisyon kote menm règleman sekirite minimòm la pa egziste.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG