Otorite Ayisyen yo lage youn pami 2 misyonè Ameriken ki fèmen nan prizon depi mwad Janvye anba akizasyon dèske yo tap chache fè timoun Ayisyen soti nan peyi a san papye legal pou fè sa.
Charisa Coulter kite prizon kote li te fèmen an nan Potoprens Lendi, ansanm ak yon anplwaye anbasad Amerikèn. Li pran direksyon ayeropo a tou suit pou'l tounen Ozetazuni. Madan Coulter te jwenn arestasyon 29 Janvye apre limenm ak 9 lot misyonè te eseye fè 33 timoun Ayisyen soti nan peyi a san otorizasyon.
Mwa pase a, 8 lot misyonè te jwenn liberasyon yo. Liberasyon Madan Coulter vle di lidè gwoup misyonè yo, Laura Silsby, se sèl misyonè Ameriken ki rete Anayiti - ann atandan otorite yo poze'l lot kestyon.
Misyonè sa yo se manm yon gwoup legliz Batis ki tap chache louvri yon orfelina nan Republik Dominikèn. Plizyè pami 33 timoun Ayisyen ki mele nan ka sa a pa orfelen - yo gen paran Anayiti.
Paran kèk pami timoun sa yo te temwaye mwa pase a ke yo te dako pou misyonè yo pran pitit yo. Paran yo mande pou la justis lage misyonè sa yo san poze okenn kondisyon.
Clarens Renois, kap suiv dosye sa-a pou nou depi o-kòmansman fè konnen youn nan avoka medam yo di'l la justis deside lage Madan Coulter paske li pat jwenn anyen nan dosye a pou endike yo ta dwe kenbe'l. Men, li pral kontinye mennen anket sou ka Laura Silsby.