Accessibility links

Breaking News

Konpayi Ayeryèn Spirit Reprann Vol nan Direksyon Ayiti


4 Mas, konpayi ayeryèn Amerikèn Spirit Airlines te reprann sèvis ant vil Fort Lauderdale nan eta Florid, ak Potoprens. Konpayi a, ki komanse vol li nan direksyon Ayiti an 2007, te suspann sèvis ayeryen li apre tranbleman de tè 12 Janvye pase a.

Direktris kominikasyon ant konpayi ayeryèn nan ak gwo konpayi yo, Misty Pinson, fè konnen Spirit Airlines kontan reprann vol li yo nan direksyon Ayiti.

"Spirit tap vwayaje Anayiti chak jou anvan tranbleman de tè a te frape e apre soukous la nou te travay san rete pou reprann sevis ayeryen sa a ke nou te oblije suspann akoz dega tranbleman de tè a te koze - donk nou kontan travay la fini kounyea e nou kapab reprann vol nou yo nan direksyon Ayiti."

Apre tranbleman de tèa, Spirit Airlines te voye anpil asistans pou ede sinistre yo nan Potoprens ak nan vil ozalantou kapital Ayisyèn nan.

"Nou dedye anplwaye ak avyon pou ede ak efo sekou a tou suit apre tranbleman de tè a. Nou fè kado dè santèn milye dola dlo ak pwozisyon ke avyon nou yo transpote Anayiti. Nou travay ak oganizasyon Food For The Poor pou distribye pwovizyon sa yo nan Potoprens ak lot vil nan zon nan. Met sou sa, gras ak publisite nou fè sou sit entènèt nou an, spiritair.com, nou rive kotize plis pase $200,000 pou divès oganizasyon charite tankou pa egzanp La Kwa Wouj, UNICEF epi Yele Ayiti - donk se yon bagay ki ba nou ke kontan tou dèske nou te ka bay asistans sa a."

Youn' nan bagay ki distenge konpayi sa a pa rapo ak moun kap vwayaje ant Etazuni ak Ayiti se pri biyè li yo a sans unik, ki ba anpil - swa $65.71 - si'w achte biye a 7 jou a l'avans. Biyè retou a vann pou menm pri a e ou ka achte'l sou sit entènèt Spirit la.

"Nou resevwa anpil komantè pozitif bo kote kliyan nou yo. Yo fè konnen jan yo kontan gen posibilite pou yo achte biyè bon mache -- gen lot konpayi ayeryèn ki ofri biyè 2 fwa pi chè pase biyè avyon pa nou yo e yo patka peye pri tèt nèg sa a donk yo kontan ke gen yon konpayi ayeryèn ki ofri biyè a yon pri yo kapab peye."

Plizyè moun plenyen pou pri biyè avyon pou ale Ayiti ap vann kounyea paske yo di yo two chè. Pami yo gen Pè Reginald Jean Marie, nan legliz Katolik Notre Dame d'Haiti ki nan katye Little Haiti (Ti Ayiti) nan Miami.

Reponsab Spirit Airlines, Misty Pinson di li pa konnen kijan lot konpetitè konpayi li an pral reyaji a anons pri ba sa yo, e se pa pwoblèm ni non plis tou.

"Mwen paka pale pou lot konpayi ayeryèn yo e a vrè di nou pa okipe sa lot konpayi yo ap fè nou pito konsantre nou sou tarif pi ba nou ka ofri kliyan nou yo e se sa nou pral kontinye fè."

Reponsab konpayi ayeryèn American Airlines nan ayeropo Miami an, Jesus Cruz di li pa kwè desizyon Spirit pral afekte konpayi li a ditou.

"Antanke anplwaye konpayi a nan aeyropo a mwen paka bawou yon respons presi sou kestyon pri a men mwen kapab di'w ke nou veye de tanzantan pri yo sou mache a e nou fè chanjman ki nesesè lè nou kwè gen yon chanjman ki merite fèt nan pri biyè nou yo."

Kanta pou si li kwè kantite kliyan American Airlines yo genyen pral diminye, li di kliyan yo trè lwayal.

"Avèk tout ane sa yo nou genyen ap travay sou mache a mwen kapab di devlopman sa a pap afekte nou anpil. Nou byen anrasinnen sou mache Ayisyen an e mwen kwè kliyan nou yo ap rete lwayal a American Airlines akoz bon sèvis nou mete a la dispozisyon yo epi frekansite vol nou yo nan direksyon Potoprens."

Pandansetan, Ayisyen kap viv nan Miami ki pale nan mikro Pierre Nazon Beauliere di yo ta renmen wè American Airlines ofri biyè avyon pi bon mache pou ale Anayiti e yo akeyi ak kè kontan nouvèl sou pri Spirit Airlines ap ofri a.
XS
SM
MD
LG