Reyaksyon ap soti toupatou nan lemond sou prestasyon sèman Barack Obama-a—premye nwa ki rive Prezidan premyè puisans mondyal la. Prezidan ejipsyen an, Hosni Moubarak, felisite nouvo lidè a e li egzòte l' pou l' konsidere kriz Mwayenn Oryan an kòm yon "priyorite ki pa ka tann”. Mesye Moubarak se yon aktè kle nan efò pou negosye yon sesel'fe durab ant Izrayèl ak gwoup Hamas la nan Gaza.
Ann'Iran, minis Afè Etranjè Manoucher Mottaki di Msye Obama ta dwe chanje politik Washington nan Mwayenn Oryan an pou amelyore imaj Etazuni nan rejyon an. Premye-Minis japonè a, Taro Aso, di li pare pou li travay etwatman ak mesye Obama, sitou sou jefò yap deplwaye pou fè fas ak kriz ekonomik mondyal la.
Nan Pakistan, Prezidan Asif Ali Zardari ak Premye-Minis Raza Gilani di yo gen konfyans Barack Obama pral plase Etazuni alatèt efò pou leve defi lumanite ak konfwonte yo. Ansyen Prezidan sud-afriken Nelson Mandela ekri nouvo prezidan ameriken an yon lèt kote l’ di: envestiti 20 janvye a enspire menm santiman lespwa lemond te santi lè Afrik du Sud te venk sistèm rasis apartheid la.
Lidè spirituèl Tibè a, Dalai Lama a, ofri priyè l', anpil konpliman ak souwè pou suksè Prezidan Obama. Nan vil Londr, palmantè britanik yo bat gwo bravo jodi a lè Premye-Minis Gordon Brown felisite Prezidan Obama pandan mesye Brown tap pwononse diskou li fè chak semèn devan asanble a. Brown di relasyon Lagrand Bretay ak Etazuni deja solid e avèk Obama yo pral vin pi solid toujou.
Nan Amerik
Latin nan, plizyè lidè salue prestasyon sèman Barack Obama a avèk espwa
li pral fòje nouvo relasyon ant Washington ak peyi nan rejyon an.
Klike sou ralonj ki adwat akote paj-wèb la pouplis reyaksyon avèk Jacquelin Bélizaire
NB: Pou lòt nouvèl sou prestasyon sèman prezidan ameriken an, Barack Obama, konsilte pwogram nou yo, agoch paj-wèb la, anba ribrik ki make "audio a" epi chwazi ki pwogram nou vle koute. Lè paj la chanje, klike sou sikonferans ble ki gen mikwo nan mitan li an. Nou ka koute tou enfòmasyon sou vit Rèn Espay la, Rèn Sofia nan peyi Dayiti. Souvrèn espayòl la ofri Repiblik Dayiti yon asistans 100 milyon dola sou yon peryòd katran.