Minis Sekirite teritoryal Etazini Michael Chertoff avèti pèp ameriken "sèn yo pral wè lè yo koumanse ponpe d'lo nan vil Nouvelle-Orléans e antre anndan kay inonde yo pral makawon anpil". Msye Chertoff ak lòt responsab ameriken yo di lè sa a kantite viktim yo kapab grenpe monte a plizyè milye mô.
Minis sekirite teritoryal la deklare nan jou kap vini yo peyi a pral dekouvri sèn pi efrayik toujou pase sa yo wè nan jou ki pase yo".
"Mwen kwè nou dwe prepare peyi a pou sa kap vini an". Sa k' pral rive lè nou koumanse seche d'lo nan ville Nouvelle-Orléans...nou pral dekouvri kadav moun mouri; moun ki petèt te rete kache lakay yo ke inondasyon an siprann; nou pral dekouvri kadav moun dekonpoze nan lari. Pral genyen polisyon. Se pral yon sèn makawon anpil tankou nou ka imajine li".
Msye Chertoff fè deklarasyon sa a dimanch 4 septanm nan pwogram chèn televizyon Fox News Sunday. Li di kòlèg Depatman Afè Sosyal li a, Michael Leavitt, pa gen yon chif ekzat sou kantite viktim yo kapab dekouvri, men li ajoute blian an, pou piti, pral plizyè milye.
Pifò moun ki mouri yo, oubyen pèdi lavi yo nan ouragan an oubyen pandan yo tap tann sekouris vinn evakye yo. Majistra kominal vil Nouvelle-Orléans an, Ray Nagin, deklare dimanch gen moun ki kareman touye tèt yo tèlman yo pa kapab ankò, tèlman yo about.
Dimanch swa, yo evakye 300 dènye moun ki te nan stad Sipèdom Nouvelle-Orléans an, kote omwens 20 mil reskape te pran refij san okenn asistans responsab lokal e federal yo. Konpayi elektrisite koumanse fè preparasyon pou yo depeche plizyè kamyon ak ekip elektrisyen pou al' evalye dega Katrina fè sou rezo elektrik la. Twoup gàd nasyonal la ap asire pwoteksyon yo. Gouvènman Bush la anba gwo kritik nan bouch abitan Nouvelle-Orléans ak lòt moun atravè peyi a poutèt li pat voye asistans pi vit bay sinistre yo.
Sekretè Chertoff rekonèt gouvènman federal la gen anpil leson pou l' aprann nan sa k' pase a e sou fason li reyaji devan dezàs la nan premye jou apre pasaj Katrina a yo, men li ajoute kounye a priyorite a se operasyon sekou yo ak reyabilitasyon.
"Lè moman an rive, nou pral revize eksperyans lan nèt-al-kole--yon ekperyans nou pat janm fè fas anvan. Men tankou mwen di l' deja, nou nan mitan yon sitiasyon ijan. Nou gen anpil travay kap tann nou nan pochèn zè, jou, semèn ak mwa kap vini yo. Nou pral santre antansyon sou kontinye vanse, si nou pa fè sa, nou pral fè fas ak anpil pwoblèn nan lavni".