LOS ANGELES —
67èm seremoni remiz pri Grammy a pral dewoule jodi Dimanch la nan Los Angeles. Seremoni an pral trè diferan ane sa a.
Nan moman gwo dife kontinye boule Los Angeles, Akademi Bozar Anrejistre yo chanje foma seremoni remiz pri li pou ede viktim dife yo.
Telespektatè yo ak moun kap asiste seremoni an pral toujou ka wè distribisyon twofe yo epi pèfomans atis yap onore yo.
Men yap kapab tou wè kijan spektak la ap mete moun o kouran de dife a epi ankouraje moun kontribye lajan pou ede viktim yo.
67èm seremoni remiz pri Grammy yo ap pase an dirèk sou rezo televizyon CBS ak Paramount+ apati 8 hè lè Washington.
Moun ki enskri sou Paramount+ ak Showtime ap kapab suiv pwogram nan an dirèk oubyen apre sou aplikasyon streaming lan.