Accessibility links

Breaking News

Lidè Rebèl ki te Chavire Prezidan Siri a, Bashar Assad, Nonmen Kòm Prezidan Pwovizwa Peyi a


ဆီးရီးယားနိုင်ငံက အာဏာရှင်သမ္မတ Bashar al-Assad ကို ဖြုတ်ချခဲ့တဲ့ HTS ခေါ် Hayat Tahrir al-Sham အဖွဲ့ရဲ့ ခေါင်းဆောင် Al-Sharaa (ဇန်နဝါရီ ၁၆၊ ၂၀၂၅)
ဆီးရီးယားနိုင်ငံက အာဏာရှင်သမ္မတ Bashar al-Assad ကို ဖြုတ်ချခဲ့တဲ့ HTS ခေါ် Hayat Tahrir al-Sham အဖွဲ့ရဲ့ ခေါင်းဆောင် Al-Sharaa (ဇန်နဝါရီ ၁၆၊ ၂၀၂၅)

DAMAS, SIRI (AP) — Gwoup Siryen ki te chavire Prezidan Bashar Assad mwa pase a nonmen yon ansyen lidè rebèl islamis kòm prezidan pwovizwa peyi a, nan yon efò pou montre inite pandan yo ap fè fas ak gwo defi pou rebati Siri apre prèske 14 zan gè sivil.

Mèkredi, ansyen rebèl yo rejte tou konstitisyon Siri te adopte pandan rèy Assad la, epi yo deklare yon nouvo konstitisyon pral ekri anvan lontan.

Nominasyon Ahmad al-Sharaa, ki te avan sa alye ak al-Qaida, kòm prezidan Siri “pandan faz tranzisyon an,” fèt apre yon reyinyon gwoupman ansyen rebèl yo nan Damas, kapital Siri.

XS
SM
MD
LG