Accessibility links

Breaking News

Kiba Deklare se “Endiy” Pou Yo Remete l Sou Lis Peyi Kap Patwone Teworis

Foto Achiv: Yon ansyen machin dekapotab Ameriken estasyone tou pre anbasad Etazini pandan drapo Kiben ap flote sou Tribin Anti-Enperyalis la nan Lahavan, Kiba, 26 Jiye, 2015.
Foto Achiv: Yon ansyen machin dekapotab Ameriken estasyone tou pre anbasad Etazini pandan drapo Kiben ap flote sou Tribin Anti-Enperyalis la nan Lahavan, Kiba, 26 Jiye, 2015.

Lendi 20 janvye a, apre prezidan repibliken a te pran kontwòl Lamezon Blanch, Washington te mete kiba sou lis peyi kap sipòte teworis.

Kiba kalifye desisyon sa a kòm "yon zak awogans ak mepri pou laverite".

Men pawòl Prezidan kiben an, Miguel Diaz-Canel, poste sou X : "Prezidan Trump, nan yon zak awogans ak mepri pou verite, te jis deside re-mete Kiba sou lis Eta kap patwone teworis. Objektif li se ranfòse yon lòt fwa ankò lagè ekonomik malouk la kont Kiba."

This item is part of
XS
SM
MD
LG