Kid Rock, Carrie Underwood Pami Vedèt ki Pral Pèfome Pandan Envestiti Trump
Foto Achiv - Carrie Underwood.
Yon seri vedèt tankou Kid Rock, atis country Jason Aldean ak Carrie Underwood vwayaje Washington pou pèfòme nan divès evenman a l okazyon envestiti prezidansyèl la, kap kòmanse wikèn sa a.
Mèkredi, Komite Inogiral Trump Vance la devwale lis pi fò atis yo - pami yo gwoup Rascal Flatts, chantè Billy Ray Cyrus epi Gavin DeGraw.
Pami evenman yo planifye gen seremoni ofisyèl prestasyon sèman an, yon miting politik anba tèm "Make America Great Again" (rann Etazini gran ankò), epi twa bal ki va dewoule Lendi swa.
Preparasyon pou Seremoni Envestiti Donald Trump
1/5Solèy la leve dèyè Capitol la pandan repetisyon ap fèt nan seksyon wès la pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump, 12 Janvye 2025.
Preparasyon ap fèt depi kèk jou pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump nan Washington. Men yon apèsi kijan sa dewoule.
2/5Trump Inauguration Rehearsal
Preparasyon ap fèt depi kèk jou pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump nan Washington. Men yon apèsi kijan sa dewoule.
3/5Manm Gad Donè militè Etazini an patisipe nan yon parad pandan repetisyon pou envestiti prezidansyèl la, sou gazon No Lamezonblanch nan Washington, 12 Janvye 2025.
Preparasyon ap fèt depi kèk jou pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump nan Washington. Men yon apèsi kijan sa dewoule.
4/5Militè mache devan Fas Es Capitol la pandan yon repetisyon pou seremoni envestiti prezidansyèl la, 12 Janvye, 2025.
Preparasyon ap fèt depi kèk jou pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump nan Washington. Men yon apèsi kijan sa dewoule.
5/5Lyetnan Kolonèl Ryan Nowlin, direktè Djaz Ko Merin Etazini an pandan yon repetisyon nan lakou Capitol la pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump, 12 Janvye 2025.
Preparasyon ap fèt depi kèk jou pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump nan Washington. Men yon apèsi kijan sa dewoule.
Previous slide
Next slide
Pami lòt vedèt ki sou lis la, nou jwenn chantè Lee Greenwood, gwoup Village People, epi chantè opera Christopher Maccio.