Accessibility links

Breaking News

Omwen 5 Moun Mouri nan yon Tire Toupre Las Vegas


Campus Shooting Las Vegas
Campus Shooting Las Vegas

LAS VEGAS (AP) — Otorite yo di yon nonm fizye 5 moun e blese yon ti fi 13 zan anvan l te tire pwòp tèt li lè lapolis te kwense l toupre Las Vegas.

Depatman Lapolis nan Nò Las Vegas fè konnen sispèk la touye tèt li madi a pandan polisye yo t ap mache sou li.

Lapolis di yo jwenn Eric Adams ki gen 47 an e ki ame, nan yon katye rezidansyèl apre yo te resevwa mesaj ke moun te wè li nan zòn nan.

Lapolis pa di ki motif ki dèyè krim nan.

XS
SM
MD
LG