Accessibility links

Breaking News

Ruben Dias Di Cristiano se "Yon Enspirasyon"


SOCCER-EURO-POR-ICE/REPORT
SOCCER-EURO-POR-ICE/REPORT

Defandè santral Pòtigè Ruben Dias te rann omaj Lendi a Cristiano Ronaldo, kapitèn ekip Pòtigal la. Li di ke CR7, ki gen 39 an, se "yon enspirasyon" e li reprezante "tout sa yon moun ka reve".

Ruben Dias nan yon konferans pou laprès, lavèy premye match Pòtigal la nan Euro-2024 la kont Repiblik Tchekoslovaki nan Leipzig te deklare "Mwen ta di ke li se yon enspirasyon, e li montre ke tout bagay posib epi ou ka gen nenpòt rèv pou fiti ou li ka reyalize ".

Dias kontinye pou di "se sitou yon plezi pou l genyen l avèk nou, dèske li la nan moman sa a nan karyè li montre ke li toujou vle genyen li se kapitèn nou an epi nou pral swiv li jiskobou " .

Si CR7 gen chans pou li jwe an Almay, sa pral fè l sizyèm edisyon Euro ke li jwe nan karyè li, Li Jwe 207 match e li fè 130 gòl pou Pòtigal.

Roberto Martinez, antrenè ekip Pòtigal la pale sou kritik ki genyen sou prezans Cr7 nan ekip la akoz de laj li, li asire tout moun "Cristiano nan seleksyon an paske li merite la. Pa gen moun ki vini nan seleksyon an paske li gen yon non."

Li te kontinye pou l di avèk nou li make gol 10 fwa nan match kalifikasyon yo. "Nan klèb (Al-Nassr, nan Arabi Saoudit), li fè 51 gòl nan 50 match.

Pandan ane yo, li te chanje fason li ap jwe men li nan seleksyon paske li merite li e chif yo pwouve li ".

XS
SM
MD
LG