Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Etazini Vle Akize Minis Jistis la pou Mepri Kongrè a


Minis Jistis Etazini Merrick Garland pale nan Depatman Jistis la, Jedi 11 Out, 2022.
Minis Jistis Etazini Merrick Garland pale nan Depatman Jistis la, Jedi 11 Out, 2022.

Lachanm Depite Etazini ap pouse pou pi devan ak yon vot pou akize Minis Jistis Merrick Garland de mepri Kongrè a paske li derefize remèt ba yo anrejistreman entèvyou yo te fè ak Prezidan Joe Biden nan kad dosye dokiman sekrè li te genyen nan biwo l ak lakay li.

Se yon mezu ki vini kèk semèn sèlman apre Lamezonblanch te bloke piblikasyon anrejistreman an.

Akizasyon mepri a reprezante dènye mezi epi sak pi puisan an pou rale zorèy Garland antanke lidè Depatman Jistis la.

Sa ap dewoule nan moman yon konfli ekstraodinè sou eta de dwa a ki chofe kanpay prezidansyèl la.

Sepandan, li poko finn klè si Prezidan Lachanm Mike Johnson pral jwenn ase sipo pou adopte mezi sa a. Nap raple Repibliken yo gen yon majorite tou mens nan chanm bas palman an.

XS
SM
MD
LG