Accessibility links

Breaking News

Meksik Chwazi Claudia Sheinbaum kòm Premye Prezidan Fanm Peyi a


Prezidan-eli Meksik Claudia Sheinbaum salye patizan li yo sou plas Zocalo vil Meksiko Siti, apre yo anonse se limenm ki genyen eleksyon prezidansyel la, 3 Jyen 2024.
Prezidan-eli Meksik Claudia Sheinbaum salye patizan li yo sou plas Zocalo vil Meksiko Siti, apre yo anonse se limenm ki genyen eleksyon prezidansyel la, 3 Jyen 2024.

Responsab elektoral peyi Meksik yo predi moun ki genyen eleksyon prezidansyel la se Claudia Sheinbaum. Li pral tounen premye prezidan fanm nan listwa 200 zan peyi Meksik.

Madan Sheinbaum se yon savan ki espesyalize nan klima e li te okipe pòs majistra vil Meksiko Siti. Dimanch swa, 2 rival li yo te admet defet yo.

Madan Sheinbaum deklare Dimanch ke Meksik montre li se yon peyi demokratik ki òganize eleksyon pasifik.

Prezidan Enstiti Nasyonal Elektoral la di Sheinbaum ranpòte ant 58,3% ak 60,7% vwa yo.

Kandida opozisyon Xochitl Galvez te ranpòte ant 26,6% ak 28,6% vwa yo.

Kandida pati ki o pouvwa a te mennen kanpay pou kontinye pouse pou pi devan ak politik predesesè li, ki se an menm tan mentò politik li, an palan de Prezidan Andres Manuel Lopez Obrador. Misye pat pèdi tan pou fesilite li pou viktwa li.

XS
SM
MD
LG