Accessibility links

Breaking News

Ayiti, Ekonomi, Refòm nan Konstitisyon: Defi ki devan Abinader apre Viktwa li nan Eleksyon


Luis Abinader: En la República Dominicana lo mejor esta por venir.
Luis Abinader: En la República Dominicana lo mejor esta por venir.

Yon pwojè refòm nan manman lwa peyi ak travay pou kenbe kwasans ekonomik la, pwal pami premye priyorite prezidan an.

Misye Abinader, ki gen 56 lane sou tèt li, te genyen eleksyon yo dimanch depi sou premye tou ak plis pase 30 pwen devan rival ki te fini 2èm nan, men dapre analis politik Belamiro Ramirez, "dezyèm manda yo toujou difisil".

- Ayiti -

Repiblik Dominikèn ki pataje zile Ispanyola ak Ayiti, e ke vyolans gang fin plonje nan yon kriz, ap viv yon sityasyon kote anpil moun ap kouri kite l.

Nan yon konferans pou laprès, Abinader di "Se yon pwoblèm pèmanan, mwen konsakre yon bon valè tan mwen chak jou nan kontwole pwoblèm ayisyen yo paske sa nesesè."

Li espere ke deplwayman fòs miltinasyonal ke Nasyonzini sipòte a « pral make kòmansman efò pou lavi ann Ayiti retounen nòmal », men li asire ke li pwal kontinye travay pou bare migran ayisyen epi pimpe yo tounen, jan li te fè nan premye manda li a.

Li gen entansyon tou kenbe yon gwo prezans militè sou fwontyè a epi tou pwolonje konstriksyon yon miray ant 2 peyi yo.

- Ekonomi -

Repiblik Dominikèn se youn nan peyi ki gen ekonomi ki pi mach epi byen nan rejyon an nan 2 dizèn lane ki pase yo, dapre Bank Mondyal ki prevwa yon kwasans 5.1% pou ane 2024 la.

Refòm nan Konstitisyon -

Misye Abinader pwomèt yon nouvo refòm nan konstitisyon an san li pa endike ki sa nan konstitisyon li gen entansyon chanje.

Repiblik Dominikèn konte deja 39 refòm nan konstitisyon li. Konstitisyon an kounye a pèmèt prezidan an eli pou 2 manda youn apre lòt pou 4 ane. Pou pran yon twazyèm manda, kandida a dwe al fè yon ti tan chita.

Abinader pwomèt pou li pa rete kole sou pouvwa a.

Li deklare : "Mwen p ap kandida ankò, mwen bay pawòl mwen, se angajman mwen epi sa pral nan eritaj mwen pou Repiblik Dominikèn," se deklarasyon li touswit apre viktwa li.

XS
SM
MD
LG