Pa lòt bò peyi a, lapolis nan vil New York te dispèse yon kan anfavè Palestinyen kote manifestan te okipe yon bilding sou kanpis la.
Otorite nan UCLA deklare ke manifestasyon an ilegal, kote manifestan ap chache fè inivèsite a sispann envesti ann Izrayèl. Yo di li ilegal e ke li vyole politik inivèsite a.
Manifestan yo ak lòt ki kont yo te rete separe youn ak lòt yè madi swa, men sityasyon an te vin pi vyolan grann maten jodi mèkredi a kote moun ki kont manifestan yo te voye fe datifis, te vanse sou barikad kan an e te voye bagay sou manifestan yo. E la te gen ti lese-frape ant 2 kan yo.
Lè responsab inivèsite yo te mande èd lapolis, ajan polis yo pa te prese separe 2 kan yo.