Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Bukina a Bloke Plizyè Medya Entènasyonal Pami Yo VOA Afrique


RUSSIA-NAVY-DAY-Ibrahim Traore
RUSSIA-NAVY-DAY-Ibrahim Traore

Gouvènman Bukina Faso sispann ayè dimanch la plizyè lòt òganizasyon nouvèl entènasyonal, kèk nan yo san di pou jouk ki lè, poutèt jan yo te fè repòtaj ki akize lame a pou moun ke li ta ekzekite san jijman, se sa otorite ki ap kontwole kominikasyon nan peyi a fè konnen.

Sa fèt apre yon aksyon menm jan an semenn pase, lè Bukina Faso te sispann pou yon bout tan pwogram "VOA Afrique" Sèvis Fransè LaVwadlamerik ak BBC-Afrik apre yo te fin pase repòtaj sou yon rapò Human Rights Watch ki akize lame Burkina a pou abi sou popilasyon sivil la.

Pami media ke yo site nan wikenn nan gen jounal Le Monde, Ouest-France, The Guardian ki baze nan Grand Bretay, Televizyon alman Deusche Welle ak Televizyon franse TV5 Monde, se sa Konsèy Siperyè Kominikasyon an di.

Sit Entènèt Deutshe Welle, Le Monde ak Ouest-France, The Guardian ak ajans afriken APA ak Ecofin deja anba blokaj jiskaske otorite yo chanje sa.

XS
SM
MD
LG