Accessibility links

Breaking News

Nouyòk Pral Mete Fen nan Kontra li ak yon Konpayi Medikal li Anboche pou Pran Swen Migran yo


Foto Achiv: Migran vinn chache kouveti len nan yon Sant Asistans pou Migran nan Nouyok, 5 Desanm, 2023.
Foto Achiv: Migran vinn chache kouveti len nan yon Sant Asistans pou Migran nan Nouyok, 5 Desanm, 2023.

Nouyòk siti ap pran mezi pou l mete fen nan kontra li te siyen ak yon konpayi ki bay sèvis medikal, ke li te anboche pou loje epi swaye yon gwo gwoup migran ki rive nan vil la.

Mezi sa a ap pran apre moun te kritike pri konpayi a chaje vil la, ak kalite sèvis imanitè lap bay yo.

Biwo Majistra Eric Adams deklare Madi vil Nouyòk pap renouvle kontra li ak DocGo anvan li ekspire 5 Me kap vini an. Adams di yo pral chache pito yon nouvo konpayi ki ka loje migran yo.

DocGo te travay ak vil la sou tès COVID-19 e li te ranpòte yon kontra ki te vo $432 milyon kote li pat fè konpetisyon ak okenn lòt konpayi akoz sityasyon ijan pandemi a te prezante. Kontra sa a te mande pou l ede vil la jere yon koken chenn popilasyon nouvo migran.

Nan yon deklarasyon li pibliye, DocGo deklare li fyè travay li fè pou vil la.

XS
SM
MD
LG