Accessibility links

Breaking News

Kèk Migran Chinwa di yo Desi ak Lavi Ozetazini


Gad fwontye Panama tcheke migran Chinwa ki sot travese Pas Darien nan soti depi Kolonbi, nan Bajo Chiquito, Panama, 6 Me, 2023.
Gad fwontye Panama tcheke migran Chinwa ki sot travese Pas Darien nan soti depi Kolonbi, nan Bajo Chiquito, Panama, 6 Me, 2023.

Migran chinwa ki travèse fwontyè sid Etazini fè konnen yo te fè vwayaj danjre pou kite rejim otoritè LaChin nan, pou yo chache rèv ameriken an.

Men defi-yo pa fini lè yo fin rive Etazini, e kèk nan yo deside tounen an Chin, pandan genyen ki pa gen lòt chwa devan yo.

Nan mwa Avril ane pase, Xia Yu te rive Etazini apre li te fin travèse plis pase 10 peyi pandan 2 mwa. Xia, yon mesye chinwa ki nan karantèn li, te mande pou li sèvi ak yon fo non pou li ka pale pi lib ak sèvis Mandaren LaVwadlamerik sou vwayaj li a.

Li di ke sou wout li pou rantre Etazini, vòlè te pran tout afè li, e rèv ameriken li an pa janm tounen reyalite : li pa pase entèvyou pou konnen si imigrasyon dwe kwè deklarasyon sou kè-sote li yo an Chin.

XS
SM
MD
LG