Accessibility links

Breaking News

Pwosè Koripsyon "Panama Papers" la Tanmen nan Panama


Kou Siprem la nan Panama Siti, Lendi 8 Avril, 2024, kote pwose kont moun yo akize an koneksyon ak ka blanchiman lajan mondyal "Panama Papers" la ap dewoule.
Kou Siprem la nan Panama Siti, Lendi 8 Avril, 2024, kote pwose kont moun yo akize an koneksyon ak ka blanchiman lajan mondyal "Panama Papers" la ap dewoule.

Panama tanmen pwosè kont 27 moun yo akize an koneksyon ak yon konplo blanchiman mondyal ki pote non "Panama Papers" (papye panama).

Pami moun yo enkilpe yo, gen pwopriyetè kabinè avoka Mossack-Fonseca a ki te jwe yon wòl santral nan fuit ki te pibliye dokiman masiv la an 2016, ak plizyè ansyen anplwaye kabinè a.

Panama Papers gen ladann yon koleksyon 11 milyon dokiman finansye sekrè ki ilistre kijan kèk pami moun ki pi rich nan mond lan kache lajan yo.

Repèkisyon piblikasyon dokiman sa yo te gen gwo enpak. Se konsa premye minis Island te deside bay demisyon li. Dokiman yo klere limyè tou sou lidè peyi Ajantin, Ikrèn, politisyen Chinwa epi Prezidan Ris la, Vladimir Putin antrot.

XS
SM
MD
LG