Accessibility links

Breaking News

Nexus, yon Konpayi ki Bay Sèvis pou Imigran Obliye Peye Plis Pase $811 Milyon Penalite


MIGRATION-TEXAS/MEXICO
MIGRATION-TEXAS/MEXICO

Yon konpayi ki bay sèvis pou imigran ki anba men otorite federal yo resevwa lòd ayè madi a pou li peye plis pase 811 milyon dola penalite ak lajan ke li dwe remèt, nan yon pwosè ki di li te anplwaye taktik nan bay manti epi fè abi.

Sèvis Nexus dwe remèt New York apeprè 231 milyon dola e peye penalite 13.800.000 dola, remèt eta Vijini 7 milyon 100.000 dola, e peye Massachusetts 3 milyon 400.000 dola, dapre yon jijman nan tribinal federal pou Distri Harrisonburg nan lwès eta Vijini. Konpayi an ki baze nan eta Vijini, ak Libre ki depann de li, epi 3 responsab li, yo chak dwe peye plis pase 111 milyon dola penalite sivil.

“Jijman sa a se yon viktwa pou dè milye fanmi imigran ki pèdi tout ti ekonomi yo lè Libre te vize yo e pran avantaj sou yo, » se pawol Avoka Jeneral eta New York Letitia James nan yon deklarasyon. Li di “Libre eksplwate imigran ki plis nan pwoblèm yo ak fanmi yo pou fè lajan sou yo, se yon bagay ilegal e nou paka sitire sa.”

XS
SM
MD
LG