Accessibility links

Breaking News

Fèt Pak Lamezonblanch la Atire yon Gwo Foul Moun

Kous woule ze Lamezonblanch la tanmen sou Gazon Sid la nan Washington, Lendi 1 Avril, 2024.
Kous woule ze Lamezonblanch la tanmen sou Gazon Sid la nan Washington, Lendi 1 Avril, 2024.

Yon pakèt moun kanpe sou gazon Lamezonblanch la pou fèt Pak anyèl la kote pwen santral la se yon jwèt kote yo woule ze. Ane sa a yo te oblije ranvwaye fèt la pou 90 init akoz lapli ak loraj.

Plis pase 40,000 moun - ki se 10,000 plis pase ane pase a - ap patisipe nan evenman Lendi a, malgre lapli kap farinen.

Sak pi popilè a se kous pou woule ze sou gazon an.

Tèm fèt Pak la ane sa a se "EGG-ucation" (yon je d mo ann angle ki itilize pawòl pou ze a pou di edikasyon"

Se premyè dam Jill Biden, ki ap travay kòm pwofesè depi plis pase 30 an, ki ap dirije festivite yo.

This item is part of
XS
SM
MD
LG