Accessibility links

Breaking News

Pantagòn: 'Misyon nou se Sekirize Anbasad la'


Foto Achiv: Potpawol adjwen Pantagon nan, Sabrina Singh pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 29 Janvye 2024.
Foto Achiv: Potpawol adjwen Pantagon nan, Sabrina Singh pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 29 Janvye 2024.

Pantagòn nan, ki se katye jeneral Depatman Defans Etazini bay detay sou aktivite militè Ameriken ap mennen an Ayiti aktyèlman.

Pòtpawòl adjwen Sabrina Singh deklare: "Kounyea, misyon an se sekirize anbasad la, ogmante sekirite a... Anbasad la toujou ouvè e lap opere nòmalman nan kapasite li kapab."

Sing reitere ke militè Ameriken yo ap konsantre yo sèlman sou sekirite ansbasad Amerikèn nan.

Yon lot kote, yon responsab Depatman Defans la di VOA militè Ameriken yo ap ede sekirize zòn kote elikoptè yo ap ateri, yap sekirize sitwayen yap evakye yo, epi ogmante sekirite ozalantou anbasad la pandan operasyon an. Li di Depatman Defans la ap kowodone ak Depatman Deta sou operasyon sa yo.

Nan Miami menm, yon pòtpawòl Kòmandman Sid Etazini di VOA ke yo deplwaye yon ekip Merin ki espesyalize nan Sekirite ak Operasyon Anti-Teworis (FAST) pou mentni sekirite a nan Anbasad Etazini Pòtoprens la. Dapre sa pòtpawòl la di nou, yap fasilite tou depa pèsonèl non-esansyèl ke manda yo fini, ansanm ak Merin ke manda yo fini an Ayiti.

Dapre Kòmandman Sid la, Depatman Defans double finansman li semèn sa a pou Misyon Sipò Sekiritè Miltinasyonal pou Ayiti a e yap travay ak patnè Ayisyen, Kenyan ak lot peyi pou ede yo deplwaye misyon an pi vit posib pou retabli sekirite an Ayiti.

Pòtpawòl la di VOA Depatman Defans Etazini pare pou apiye MSS la, e ladann gen planifikasyon pou asistans, pataj enfòmasyon, pon ayeryen ak sipò medikal.

"Nou gen plan kontenjans pou yon gran varyete senaryo, e nou pare pou mete plan sa yo an aplikasyon lè yo va mande nou e pase lòd ba nou pou fè sa," pòt pawòl la ajoute.

Korespondan VOA nan Depatman Defans ki espeysalize nan Sekirite Nasyonal Etazini, Jeff Seldin kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG