Accessibility links

Breaking News

Etazini: 'Pa Vwayaje Ayiti'


Yon elikopte ateri pou evakye pesonel nan anbasad Repiblik Dominiken nan Potoprens, Ayiti, Jedi 21 Mas, 2024.
Yon elikopte ateri pou evakye pesonel nan anbasad Repiblik Dominiken nan Potoprens, Ayiti, Jedi 21 Mas, 2024.

Yon pòtpawòl Depatman Deta fè konnen yo fasilite depa plis pase 60 sitwayen Ameriken abò vòl avyon gouvenman Ameriken òganize depi Kap Ayisyen pou ateri nan Ayewopò Entenasyonal Miami. Gen 30 stiwayen Ameriken ke Etazini evakye depi Pòtoprens ki ateri nan ayewopò Santo Domingo nan Repiblik Dominikèn.

Pòtpawòl la fè konnen Depatman Deta gen tan evakye yon fason sen e sof plis pase 160 sitwayen Ameriken depi 17 Mas, 2024.

Sekretè de Près Lamezonblanch la, Karine Jean-Pierre te reitere apremidi a nan pale li ak jounalis yo ke Etazini ap konseye sitwayen Ameriken pou yo pa vwayaje an Ayiti depi 2020 akoz ensekirite a ak risk kidnapping. Alèt ki sou sit Depatman Deta a nan nivo 4. Alèt la souliyen ke gouvènman Ameriken an paka garanti lap kapab evakye sitwayen li yo etan done sityasyon aktyèl la nan peyi d Ayiti.

Depatman Deta di li pral kontinye veye demann sitwayen Ameriken ap fè pou asistans pou kite Ayiti. Pòtpawòl la souliyen ke ensekirite a, disponibilite mwayen transpò komèsyal yo se bagay yo gen pou konsidere tou, e sa va detèmine konbyen asistans yo ka bay resòtisan ki vle kite Ayiti.

XS
SM
MD
LG