Accessibility links

Breaking News

Lidè Opozisyon Ris Alexei Navalny Mouri nan Prizon


Foto Achiv: Alexei Navalny
Foto Achiv: Alexei Navalny

Alexei Navalny, pi gwo lènmi Prezidan ris Vladimir Putin, ki te mennen kwazad kont kòripsyon e te òganize gwo manifestasyon kont Kremlen an, mouri nan prizon jodi vandredi a, se sa otorite ris yo di. Li te gen 47 lane.

Navalny, ki t ap sibi yon santans prizon anba akizasyon pou aktivite ekstremis, pa te santi li byen apre yon pwomnad, dapre Sèvis Penitansye Federal, e li te pèdi konesans. Yon anbilans te kouri ale pou fè l revni, men li te deja mouri. Penitansye a di yo ap chache konnen koz lanmò li.

Pòtpawol Kremlen Dimitry Peskov di ke Putin te resevwa nouvèl lanmò Navalny, e sèvis prizon an di l ap fè tou sa ki konn fèt nan jan de ka sa yo.

Kira Yarmysh ki se pòtpawol Navalny, di sou X, ki te konn rele Twitter, ke ekip politisyen an pako gen konfimasyon sou lanmò a e ke avoka li t ap vwayaje pou ale nan bouk kote li mouri a.

Navalny te dèyè bawo depi mwa Janvye 2021, lè li te retounen Moskou apre li te fin refè ann Almay kote li te ale nan tretman pou yon pwazon chimik ke li te lage sou do Kremlen an.

XS
SM
MD
LG