Accessibility links

Breaking News

Avoka Gouvènman Ris la Mande pou Navalny Pase 13 zan Nan Prizon


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-NAVALNY
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-NAVALNY

Biwo avoka gouvènman Ris la mande pou militan Alexei Navalny al pase 13 zan nan prizon. Navalny, se on manm opozisyon an ki pa kache kritik li kont Prezidan Vladimir Putin.

Lajistis Ris te jije aktivis la ki gen 45 an, nan mitan mwa fevriye a, akizasyon ki sou do li gen ladan yo "fwod" ak "ofans".

Pwosekitè a Nadezhda Tikhonova Madi mande yon nouvo santans kont opozan an.

"Mwen mande pou yo enpoze yon santans 13-zan prizon kont mesye Alexei Navalny".

Depi mwa fevriye 2021, Alexei Navalny nan prizon kote li deja ap sèvi yon santans 2 ane edmi pou yon lòt ka "krim" yo di li te komèt an 2014.

XS
SM
MD
LG