Accessibility links

Breaking News

Gaza: Yon wo-Plase nan l-ONU Mande, Pou Pran Mezi ki Nesesè pou Pwoteje sivil Yo


Palestinians flee Khan Younis, in the southern Gaza Strip
Palestinians flee Khan Younis, in the southern Gaza Strip

Yon dirijan wo-plase nan l-ONU mande, jodi jedi a, tout mezi ki nesesè pou pwoteje sivil, apre yon atak kote pou pi piti 12 moun tonbe lè boulèt kanno te frape yon sant antrènman l-ONU kote dè milye Palestinyen ki kite kay yo te vin pran refij.

Thomas White, ki se direktè afè Gaza pou ajans l-ONU an ki rele ann abreje UNRWA, di sityasyon an nan Khan Younis, vil nan sid Gaza kote atak la te fèt la, moutre “pa gen okenn respè pou prensip fondamantal lalwa imanitè”.

White di atak ayè jedi a blese tou 75 moun pou pi piti.

Izrael di li pa kwè se fòs li yo ki te pilonnen zonn nan, men li ajoute l ap mennen ankèt sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG