Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden nan sanble li p ap chanje vizyon li pou Gaza


Prezidan Joe Biden pran la pawol pandan yon resepsyon pou fet Juif ki rele Hanukkah a nan Lamezonblanch, Lendi 11 Desanm, 2023.
Prezidan Joe Biden pran la pawol pandan yon resepsyon pou fet Juif ki rele Hanukkah a nan Lamezonblanch, Lendi 11 Desanm, 2023.

Gouvènman nan sanble li p ap chanje vizyon li pou Gaza apre lagè a, malgre Premye-minis Benjamin Netanyahu rejte, ayè jedi a, yon eleman kle nan plan an – ki se mete sou pye yon eta palestinyen.

Mezon Blanch espere an menm tan sèvi kòm medyatè pou ede Izrayèl tabli relasyon nòmal ak Arabi Saoudit, yon bagay Etazini ap chache lontan e ki ap bon pou ekonomi ak estabilite rejyon an.

Men Netanyahu pa dakò, tankou li di nan yon konferans pou laprès ki pase sou televizyon nan tout peyi a, ayè jedi a, kote li ensiste sou kontwol Izrael pou sekirite li sou tou sa ki teritwa palestinyen pou kounyea. Pòtpawol Sekirite Nasyonal John Kirby rejte pawol sa a.

“Se pa premye fwa Netanyahu di pawol sa a. Li klè ke nou pa wè sityasyon-an menm jan an.” Se sa Kirby di jounalis abò avyon Air Force One. Li kontinye pou di, “Nou kwè ke Palestinyen yo gen tout dwa yo pou yo viv nan yon eta endepandan nan lapè ak sekirite.

XS
SM
MD
LG