Accessibility links

Breaking News

Ongri Menase pou li Bloke 50 Milya Dola Èd Pou Ikrèn


Solda Ikrenyen plwaye drapo nasyonal la sou sekey kanmarad yo pandan fineray li nan vil Kyev, Ikren, Samdi 25 Mas, 2023.
Solda Ikrenyen plwaye drapo nasyonal la sou sekey kanmarad yo pandan fineray li nan vil Kyev, Ikren, Samdi 25 Mas, 2023.

Gouvènman peyi Ongri menase pou li bloke 50 milya dola èd ke Inyon Ewòp la vle voye bay Ikrèn e li menase tou pou li poze veto sou kandidati Kyèv ki vle vin manm Inyon an, nan moman gen yon chire-pit ki ap vale teren ant Inyon an ak Ongri.

Prezidan Konsèy Inyon Ewòp la Charles Michel te vwayaje nan Ongri lendi pou fè chita-koze ak Premye-minis Viktor Orban, nan efò pou kalme relasyon yo anvan yon somè enpòtan anpil ki pwal dewoule 14 ak 15 Desanm, kote chef deta Inyon an yo ka deside sou ouvèti chita-koze ofisyèl ak Ikrèn sou kesyon pou li antre nan blok la.

Ni Michel ni Orban pa te pale ak laprès apre rankont lendi a.

Ongri se depi lontan yon pikan kwannan nan Inyon Ewop la.

Chire-pit sou sipò militè ak ekonomik ke blok la ap bay Ikrèn vini nan moman gen plis pale-anpil nan kad kanpay pou eleksyon ki pwal dewoule ann Ewop an Jen 2024.

XS
SM
MD
LG