Accessibility links

Breaking News

Fiziyad nan Maine: Omwen 16 Moun Mouri Apre yon Sispè Louvri Katouch nan Yon Bar

This handout image released on October 25, 2023 by the Androscoggin County Sheriff's Office via Facebook shows the armed suspect in a shooting as law enforcement in Androscoggin County investigate "two active shooter events" in Lewiston, Maine.

LEWISTON, Maine (AP) — Lapolis di omwen 16 moun pèdi lavi yo apre yon nonm te louvri kout zam nan yon barak yon ale kote yo jwe bowling nan Lewiston, nan eta Maine. Lapolis kontinye ap chèche yon moun ki enterese yo ki se yon enstriktè ki resevwa fòmasyon nan zam afe.

Plizyè santèn polisye ap chèche Robert Card apre fiziyad sa ki fèt Mèkredi swa, epi otorite yo bay lòd pou tout abitan nan zòn nan rete kote yo ye a.

Otorite yo di Card se te yon enstriktè zam afe ki, dapre sa yo kwè, se yon Rezèvist nan Lame a epi li ap fè travay enstriktè li nan yon etablisman fòmasyon nan Saco, Maine.

XS
SM
MD
LG