Accessibility links

Breaking News

Konpayi RMS Titanic Planifye Pou Ale Chèche Objè ki Gen Valè Istorik nan Bato a

This grab from a digital scan released by Atlantic/Magellan May 18, 2023, shows a view of the bow of the Titanic, in the Atlantic Ocean, created using deep-sea mapping. Researchers have completed the first full-size digital scan of the Titanic's remains.

NORFOLK, Va. (AP) — Gouvènman Ameriken an ap eseye bloke ekspedisyon ke konpayi RMS Titanic Inc ap planifye a, kote yo vle ale pran objè ki gen valè istorik nan Titanic la, ki anba dlo depi plizyè ane.

RMS Titanic Inc ki ap òganize ekspedisyon sila a, se yon konpayi ki baze nan eta Joji e li posede dwa legal sou epav Titanic la epi dwa pou ale pran objè ki ladan li.

Defi legal ke gouvènman Ameriken an ap fè fas nan batay li ap fè pou bloke ekspedisyon an, sè ke enplozyon ti soumeren Titan nan mwad Jen an pa gen okenn rapò pou l wè ak ekspedisyon ke RMS Titanic pral fè a .

Yo bay agiman kont yon lwa federal ak yon antant yo genyen ak Grann Bretay di pou yo trete epav Titanic la kòm espas "Memorial " pou onore memwa tout moun ki te mouri nan trajedi sila a.

XS
SM
MD
LG