Accessibility links

Breaking News

Otorite Hawaii Ankouraje Fanmi Moun ki Disparèt yo Founi Echantiyon ADN


Drapo Hawaii ap flote nan lone viktim gwo dife ki ravaje vil istorik Lahaina, 21 Out, 2023.
Drapo Hawaii ap flote nan lone viktim gwo dife ki ravaje vil istorik Lahaina, 21 Out, 2023.

Otorite yo nan Hawaii sipliye paran moun ki disparèt apre dife pi danjre ki frape zile a depi plis pase yon syèk pou yo vinn founi echantiyon ADN yo.

Responsab yo deklare Madi ke yon ti kras moun founi echantiyon jiskaprezan e sa lakoz li difisil pou yo idantifye kadav yo dekouvri yo.

Gen ant 1,000 ak 1,100 non ki sou lis pwovizwa moun ke yo pa jwenn apre dife ki te ravaje kominote istorik Lahaina a sou zile Maui.

Sepandan otorite yo di yo gen sèlman 104 echantiyon ADN ke yo koleksyone pami fanmi viktim yo.

Chif sa a bokou pi ba pase sa yo te konstate apre lòt dezas. Li poko klè poukisa. Otorite yo di yo konfime 115 lanmò jiskaprezan apre dife a.

XS
SM
MD
LG