Accessibility links

Breaking News

Nijè: Plizyè Milye Sivil Rasanble nan Niamey Pou Anregistre Kòm Ofisye Sivil Pou Ranfòse Lame a


NIGER
NIGER

Plizyè milye volontè rasanble nan Niamey pou reponn yon apèl plizyè òganizasyon te fè pou yo enskri non yo kòm oksilyè sivil ki kapab mobilize pou sipòte fòs lame yo. "

Mwen vle tounen yon sòlda pou peyi mwen," se pawòl Mamadou Arouna ki gen 23 lane, ki pa nan travay.

"Mwen vle pou m sòlda paske mwen renmen peyi mwen an. Epi anplis de sa, Nijè se peyi nou. Mwen renmen peyi nou an. Mwen vle angaje m pou Nijè. Viv Nijè. "

Abdoulaye Cissé, se yon jwè foutbòl.

Li di :"Genyen enfòmasyon ki deyò a ki di yo bezwen yon afè 5,000 oswa 10,000 sòlda volontè. Se poutèt sa mwen vini isit la."

"Mwen reyèlman vle sipòte lame nou an, se poutèt sa mwen antre nan batay sa a."

Yon Aktivis fanm ki pa vle non li site di "Mwen se yon manman sòlda, nou ap tann nou (jenn volontè yo). Jiska demen, se sa mwen te vle di, wa-Allah. Nou ap tann nou, mwen espere ke nou pral ede nou soti nan tout difikilte sa yo.

XS
SM
MD
LG