Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò di Travis King Bezwen Pran Refij Kont Move Tretman li Jwenn nan Lame Ameriken an


South Korea North Korea US
South Korea North Korea US

Kore di Nò di ke Travis King konfese ke li te travèse nan Nò a akòz "move tretman inimen ak diskriminasyon rasyal li te sibi nan Lame Ameriken an," dapre sa ajans nouvèl leta KCNA rapòte Mèkredi 16 Out la, e se premye fwa Pyongyang pale piblikman sou ensidan an.

Sòlda a, Travis T. King, te kouri travèse nan Nò a 18 Jiyè pandan li te nan yon gwoup touris sivil ki t ap vizite Zòn Sekirite Komen an sou fwontyè ki separe 2 Kore yo.

Otorite ameriken yo di yo kwè ke King te fè espre travèse fwontyè a.

Anketè Kore di Nò yo konkli tou kounye a ke King te fè espre travèse ilegalman, ak entansyon pou rete nan Nò a oswa yon 3èm peyi, dapre sa ajans nouvèl leta KCNA di.

King te antre nan Lame Ameriken an nan mwa Janvye 2021 e li te sèvi kòm yon eskout kavalye ak gwoup sòlda ameriken ki t-ap fè tou pa yo nan Kore di Sid, nan kad angajman sekirite Etazini depi plizyè dizèn lane nan Kore di Sid.

Li te fè fas a 2 akizasyon vwadfè nan Kore di Sid, e li te rive plede koupab pou yon ka vwadfè ak destriksyon pwopriyete piblik poutèt li te donmaje yon machin lapolis pandan li t-ap joure kèk Koreyen e di yo betiz, dapre dokiman tribinal la.

Otorite Ameriken yo di ajans nouvèl Reuters ke Etazini refize klase King kòm prizonye lagè, malgre li anba kontwòl Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG