Accessibility links

Breaking News

Anbasad Etazini nan Pòtoprens Fèmen Madi Akoz Kout Zam ki Marye nan Zòn nan


Foto Achiv: Jandam Ayisyen veye Anbasad Etazini nan Potoprens, 29 Avril, 2019.
Foto Achiv: Jandam Ayisyen veye Anbasad Etazini nan Potoprens, 29 Avril, 2019.

Anbasad Ameriken nan Pòtoprens te femen Madi epi anplwaye yo te oblije rete andedan batiman an jiska nouvelòd akoz kout zam ki te marye nan zòn kote li sitye a.

Anbasad la pibliye yon avètisman sou rezo sosyal ki di "kèk wout ki mennen nan anbasad la afekte pa kout zam kap chante san rete."

Fèmti a vini nan moman moun kapital la te pran lari Lendi epi antre nan lese frape ak lapolis. Yo tap mande pwoteksyon kont zak vyolans gang yo.

Zak vyolans gang yo an Ayiti ogmante anpil - pami yo kidnaping ak asasina. Zak sa yo devaste sistèm swen sante peyi a. Gen 5,2 milyon moun - prèske mwatye popilasyon an ki bezwen asistans imanite dapre Nasyonzuni.

XS
SM
MD
LG