Accessibility links

Breaking News

Otorite Dominiken Mete anba kòd Esther Dacius pou Fwòd kòm Fo konsil


Esther Dacius PNH
Esther Dacius PNH

Nan dat 8 jiyè 2023 otorite Dominiken arete Esther Dacius epi transfere li bay DCPJ/Polis Nasyonal Ayiti.

Arestasyon sa rive fèt apre te gen yon manda dèyè sitwayen an.

Te gen plizyè plent ke divès moun te depoze nan ane 2022 ak 2023 nan Biwo Afè Finansye ak Ekonomik (BAFE/DCPJ) kont Esther ak mari l, polisye Marckenshy Honoré pou move zak.

Esther Dacius te pran pòz konsil nan anbasad Kanadyen an, e li sèvi ak fo sit nan non anbasad sa a pou li te kapab twonpe viktim li yo.

PNH ap chèche san rete Marckenshy Honoré ki te jwe wòl entèmedyè ak sekretè ant viktim yo ak madanm li.

Pou kounyea, Dacius sou siveyans ann atandan aksyon legal ki nesesè yo.

XS
SM
MD
LG