Accessibility links

Breaking News

Brezil Vannen Panama 4-0 nan Mondyal Feminen Foutbòl FIFA a

Jwez Brezil selebre apre yo ranpote la viktwa sou Panama nan match Gwoup F yo a nan Mondyal Foutbol Feminen an nan Adelaide, Ostrali, 24 Jiye, 2023.
Jwez Brezil selebre apre yo ranpote la viktwa sou Panama nan match Gwoup F yo a nan Mondyal Foutbol Feminen an nan Adelaide, Ostrali, 24 Jiye, 2023.

Ary Borges make 3 gòl pou Brezil nan match li kont Panama, pou ede ekip la ranpote la viktwa 4-0 sou Panama.

Borges make 2 gòl nan premye mitan an nan Stad Hindmarsh la nan Adelaide. Li ajoute yon 3em nan 70em minit la.

Bia Zaneratto make yon gòl espektakile pou ede Brezil dominen Gwoup F la apre premye match li.

Gòl Zanaretto a se youn pami gòl obsevate di ka rete kom youn nan pi bel gòl tounwa a, kote li choute balon an sou talon ak asistans Borges.

This item is part of
XS
SM
MD
LG