Accessibility links

Breaking News

Direktè FBI ap fè Fas ak Kritik Piman Bouk Repibliken yo


Foto Achiv: Direkte FBI Christopher Wray pale pandan yon konferans pou lapres, Mekredi 10 Out, 2022 nan vil Omaha, eta Nebraska.

Direktè FBI la, Chris Wray ap fè fas ak kritik piman bouk manm komite jidisyè Kongrè a.

Direktè Repibliken Komisyon an, Jim Jordan, louvri yon odisyon Mèkredi ak lekti desizyon yon jij pran resaman kont fason gouvènman federal la jere dezenfomasyon sou rezo sosyal yo. Sa te deklanche yon lis men longè plent Repibliken yo te pote kont Depatman Jistis la.

Repibliken yo te kestyone agresivman direktè a sou divès kestyon. Pami yo akizasyon lajistis lanse kont ansyen Prezidan Donald Trump, ankèt yap mennen sou pitit gason Prezidan Joe Biden epi demann pou transfere katye jeneral FBI la nan yon nouvo bilding.

Nouvo dinamik sa a fose Demokrat yo pou yo okipe yon nouvo pozisyon, kote yap defann ajans jidisyè ke yo te pase anpil tan ap kritike.

XS
SM
MD
LG